Bwochi

Gen yon fason abiman pridan ki konfóme avék yon Kretyen a apel onorab li. Apót Pó1 ekri Filipyen yo: “sélman kondui tét nou gnou jan ki dign Lévanjil Kris” (Filipyin 1:27). Fason yon moun abiye li se yon fenét ki montre sa ki nan ké li. Sa fé yon deklarasyon klé sou ki vale li bay tét li a kilés ki met lavi li. Nan tout epók yo moun to toujou idantifye vre disip Kris yo pa mwayen abiman enb yo.

Moral 5 minutes

Nan moman sa ou vivan, w ap respire, w ap fè mouvman oubyen w ap travay. Ou kapab ap viv nan konfò oubyen w ap viv nan mizè. Solèy la leve, e li kouche; yon kote gen yon timoun k ap fèt; men tou yon lòt kote, toujou gen yon moun k ap mouri. TOUT LAVI A SE SÈLMAN YON ARANJMAN TANPORÈ. MEN KI KOTE OU PRALE APRE LANMÒ Menm si ou relijye, oubyen senpleman ou pa kwè nan okenn relijyon, ou toujou bezwen reponn kesyon trèz enpòtan sa a, paske apre yon lavi brèf sou latè, lòm prale

Lavi Fiti A, Syèl La 4 minutes

Pi gran batay yo nan lavi a fèt andan kè a. Anpil lidè nan istwa te gen entansyon domine lòt nasyon. Konn gen kèk lidè ak dirijan egoyis ki menm fè panse pou yo domine lemonn antye. Lidè sa yo konn fòse plizyè milye sòlda antre nan batay akòz dezi pèsonèl yo pou gen pouvwa, richès ak renome.

Sali 4 minutes
Sali, Levanjil, Syèl La 5 minutes

Èske ou konn gade toutotou ou epi mande kijan tout bagay te kòmanse? Gen anpil bèt, zwazo, pyebwa, ak plant sou tè a. Ki kote yo te sòti? Èske yo te toujou egziste? Ki kote moun sòti? Gade tèt ou epi wè kijan kò ou fonksyone. Ou sèvi ak je ou pou wè, zòrèy ou pou tande, e pye ou avèk men ou pou ede ou fè mouvman e pote ou ale kote ou vle. Èske tout bagay sa yo jis rive konsa, oubyen kiyès te fè yo?

Lavi Kretyen, Color 3 minutes

Lé Ségnè Jézu té isit sou tè-a pou’l sové lòm nan éta pèdu li-o. Alo li té rétounin onko non sièl. Li té vini nan umilité, nan résonblans lòm é li té pran fòm youn sèvitè (Phil. 2:7). Li té mouri pou péché tout moun’n, li té antéré é li té lévé ankò (1 Cor. 15:4), é li té mouté nan sièl (Act. 1:9). Apot yo ak plis ké sink san kouoyon té oué’l apré li té résusité-a. Éton li tap mounté-a dé zanj té di disip li yo: min’m jan nou oué lap mounté-o sé konsa lap tounin tou. Pèson’n pa konnin lè lé Ségnè ap tounin. Sé Papa-a sèlmon ki konnin. Sa kapab fèt a minui, youn matin, a midi o a souè (Matt. 24:44).

Lavi Fiti A 4 minutes

Kado Bondye: Istwa Fèt Nwèl

Avan tan kòmanse, Bondye te la. Li te kreye latè ak tout bagay ki sou li. Nan amou li, li te kreye moun nan pwòp imaj li e li te mete li nan yon bèl jaden. Lòm te dezobeyi kòmandman Bondye. Dezobeyisans sa te yon peche e sa te separe lòm ak Bondye. Li te di yo pou yo ofri kòm sakrifis jenn bèt ki pafèt pou peche yo. Sakrifis sa yo pa t peye pou peche yo men sa te demontre pi gran sakrifis ke Bondye pral bay yo. Yon jou Bondye ta voye Pitit li, Jezi, sou tè sa pou li vin pi gran sakrifis la pou peche tout moun.

Jezi, Color 4 minutes

Krisyanis baze sou Bondye, Pitit li Jezi Kri, e sou Labib, ki se Pawòl Bondye. Yon Kretyen se yon moun ki kwè nan Labib e ki viv daprè ansèyman Jezi Kri. Yon lavi konsa plen ak lapè e kontantman sou tè sa e li prepare nou pou yon plas nan syèl la.

Lavi Kretyen 5 minutes

“Yo pote kèk timoun bay Jezi, pou li touche yo. Men disip yo te repwoche moun yo ki te prezante yo. Lè Jezi wè sa, sa te endiye l, li di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo. Mwen di nou sa an verite, nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun p ap antre ladan li. Epi li pran timoun yo nan bra li, li etann men li sou yo, e li beni yo” (Mak 10:13-16).

Jezi, Web-Only-Paragraph 6 minutes
Doktrin 11 minutes