Gen yon fason abiman pridan ki konfóme avék yon Kretyen a apel onorab li. Apót Pó1 ekri Filipyen yo: "sélman kondui tét nou gnou jan ki dign Lévanjil Kris" (Filipyin 1:27). Fason yon moun abiye li se yon fenét ki montre sa ki nan ké li. Sa fé yon deklarasyon klé sou ki vale li bay tét li a kilés ki met lavi li. Nan tout epók yo moun to toujou idantifye vre disip Kris yo pa mwayen abiman enb yo.
Modesti nan abiman se yonn nan premye pwoblém pou lézóm. Pa lontan apre la kreyasyon, kék kalite abiman to nesesè lé peche to vin antre nan lemonn. Adan a Èv to koud fey figfrans men sa pa t' ase. Bondye to fé rad po bet abiye yo (Jénéz 3:7,21). Se volonte Bondye pou fóm kó moun kouvri, pa pou li fé etalay.
Satan sévi avék plizyé metód pou minen estanda modesti Bondye a sou abiman. Gen rad ki sévi plis pou óneman ou etalay olye pou yon senp kouvéti pou kó a. Ké 1óm ki plen ógéy jwenn satisfaksyon nan bagay ki a la mód a pretansye. Provéb 21:4 di konsa: "fé arogans, gonflé léstonmak yo sou moun... tou sa sé péché." E ankó, rad ki atire atansyon sou fóm kó a pwovoke move lide a dezi ki pa pwop. Abiman ki jis sere a ki manke kouvri konn atire atansyon, eksite pasyon moun a kontribye a imoralite. Sa grav anpil pou we anpil moun ki di yo gen devosyon pou Bondye men yo pa regade modesti a pirete. Lézóm pa respekte volonte Bondye nan afe abiman.
Pawól apót Pó1 nan 1 Korintyin 6:19,20 poze yon fondasyon nan lekriti pou imilite nan abiman. "Eské nou pa konnin ké kó nou sé tanp Sint-Espri ki nan nou é ké nou résévoua nan min Bon-Dieu? Èské nou pa konnin ké nou pa met tét nou? paské sé pou gnou gro pri nou té rachté. Donk, bay Bon-Dieu gloua nan próp kó nou ak nan léspri nou, ki pou Bon-Dieu." Note apót la pa di yon Kretyen met glorifye kó pa li. O kontré se pou li glorifye Bandye nan lró li a nan lespri li.
E answit pandan Pó1 to ekri Timote, li to bay prensip general yo sou abiman Kretyen. Li tap adrese fanm yo an patikilye, men prensip sa yo aplike pou gason yo tou. Li di konsa: "Donk mouin vlé ké lézóm prié tou patou, pou y-ap lévé min ki net, san kólé ni move lidé. Mouin vlé tou ké fanm yo abiyé kóréktéman, gnou jan réspéktab épi sinp, pou yo pa éné tét yo ni avék trés, ni avek ló, ni avék bijou, ni avék rad ki kouté ché anpil, min pou yo óné'tét yo avék bon zev, kóm sa doué yé pou dé fanm ki di y-ap sèvi Bon-Dieu." (1 Timote 2:8-10)
Apót Pye ekri fanm yo: "Sé pa pou dékoré kó ou avék bagay ki frapé jé, kóm gnou pil bél trés chévé epi gnou kantité bijou ann-ó, ou-byin rad gran zafé, min avék bagay ki sékrè nan ké a, bagay ki p-ape kóronpu, ki parét nan gnou léspri dou é trankil, sa sé gnou bagay ki régadé ché dévan Bon-Dieu." (1 Pye 3:3,4) "Rad gran zafé" vle di abiman ki plis pase sa ki nesesé. Gen yon jan pou abiye ki sévi nesesite kó a e ki agreab pou yon Kretyen. A1ó gen 1ót kalite rad ki byen chwazi pou atire atansyon. Li kite impresyon yon moun ki tré diferan pase yon Kretyen ki enb a sense. Nan Provéb 6:16,17 nou li ke Bondye pa vle wé, ni Li pa kapab sipóte moun kap gonfle lestomak yo.
Malgre konsiderasyon ap bay pou plizyé koutim diferan nan dives kilti nan lemonn, li toujou vre ke nan préske tout.sosyete abiman gason avék fanm distenge. Gen 1óm ki kite afé distenksyon sa, men lekriti yo pa dakó avék sa. Nan Ansyen Téstaman nou jwenn komandman sa: "Fanm pa gin doua mété rad gason sou yo. Gason pa gin doua mete rad fanm sou yo. Sêgné-a, Bondie nou an, pa vlé oué moun kap fè bagay konsa." (Détéronóm 22:5)
Sa byen klé ke mód lemonn yo télman atiran paske yo eksite vanite e lógéy ki nan lóm. Gen moun ki si télman vle idantifye avék mod lemonn, yo pédi bon sans yo: Lé vye dezi sa yo jwenn gratifikasyon, lespri 1óm kóronpi a vin nan esklavaj. Sa se kondisyon regretab moun ki di yo se Kretyen men yo pa soumét avék prensip Bib la sou modesti a senplisite nan abiman.
Romin 12:1,2 aplike nan sijé sa. "Donk mouin ékzóté nou,fré, o-non konpasion Bon-Dieu, pou nou ofri kó nou tankou gnou sakrifis ki vivan, ki sin, ki agréab pou Bon-Dieu; min sévis nou , ki rézonnab. Pa konfóme nou sou siék sa a, min chanjé avék léspri nou ki doué vi-n gnou léspri nouvo, pou nou kapab rékonnét volonté Bon-Dieu, ki bon, agréab epi kórék sou tout pouin." Sa se yon bél envitasyon pou nou ofri lavi nou a Lesenye nan tout jan. Pandan vése sa yo anvlope plis pase abiman, yo endike gen yon bélte sen ki va klere sóti nan sa yo ki soumét a volonte Bondye. Nou beni lé abiman kó fizik la temwaye sou prezans Kris nan lavi nou.
Pou Distribisyon Gratis Pa Pou Vann