Lang nan, fizikman, se yon zouti pou pale. Avèk li nou fóme mo nou a kominike panse nou a lèzót. Izaj li gen anpil enplikasyon.
Pawól yon Kretyen karakterize pa amou, verite, bonte, a tandrès. Si prèv fwi sa yo pa nan yon moun, li pa kapab vrèman di li plen avèk Sentespri Bondye; ni ke Sentespi a ap dirije li. "Ké paról nou toujou sóti avèk la gras, ké propo nou asézonnin ak sèl" (Kolosyin 4:6). Gade toujou nan Éfésyin 4:15,25 a 32. Pawól a bon izaj lang nan se yon mwayen trè enpótan pou montre imaj Kris la, a li devwale sa ki nan kè nou a kilès n'ap sèvi.
Yon evèman mèveye to pase jou Pannkót la. Apre Jezikri to monte nan syèl la, Sentespri a to vide sou kwayan yo. Pa mwayen Sentespri a Kretyen yo to resevwa pwisans pou yo viv yon lavi fidèl a plen vèti.
Mirak Langaj Yo Jou Pannkót La
Yon manifèstasyon langaj mèveye to akonpaye Sentespri a lè li to vide sou yo: "Jou le Pannkót la, yo tout té ansanm gnou minm koté. Submitman, gnou bri sóti nan sièl la, tankou gnou gro van kap souflè; li plin tout kay koté yo té chita a. A1ó yo ouè dé lang ki parèt, gnoun séparé ak lót, tankou dé lang difé, épi ki pozé sou yo chak. Yo tout té vi-n plin ak Sint-Espri, yo kómansé palé nan tang étranjé, dapré jan Léspri té akódé yo pou yo palé" (Travay Apót 2:14).
Lè nouvèl evènman sa gaye nan Jerizalèm, moun kómanse vini kote disip Jezi yo to ye. Yo to byen etonnen, "paské yo chak té tandé disip yo ap palé nan próp lang pa yo" (Vèse 6). Nou kontinye li, "Sa té fè yo tout sèzi, yo admiré sa, yo pran di; Èské tout moun sa yo kap palé, sé pa moun Galilé? Kóman nou chak fè tandé yo palé próp lang péyi koté nou fèt? Nou-minm Pat, Mèd, Élamit, moun ki abité nan la Mézopotami, la Judé, la Kapadós, lé Pon, Lazi, la Friji, la Panfili, Lé jip, téritoua la Libi ki tou pré Sirèn nan, sa ki sóti Róm, ni Jouif ni prozélit, moun la Krèt, Arab, nou tandé yo ap palé nan tang nou sou mèvèy Bon-Dieu" (Travay Apót 2:7-11).
A la yon mirak mèveye sa to ye! Se to yon travay Bondye menm pou asiste kómansman epók levanjil la. Predikasyon levanjil la to kómanse antre yon jan estrawódinè. Pandan Pyè kómanse preche pèp la, li fè yo sonje profesi Joèl: "Min, sa kap pasé isit la, sé sa profèt Joèl té di davans la: Va rivé nan dènié jou yo,-sé Bon-Dieu minm kap palé, -ké mouin va répann Léspri mouin sou tout vivan; Pitit gazon nou ak pitit fi nou va palé tankou profèt... 4ui, nan jou sa yo, mouin va répann Lèspri mouin sou sèvitè-m ak sou sèvant mouin yo; yo va palé tankou profèt" (Travay Apàt 2:16-18; cede nan Joèl 2:28,29).
Pou pale an pwofèt, kóm Pyè to di, se pou anonse konsèy Bondye diven, se deklarasyon enspire de verite Li a. Se travay sa ki to si byen akonpli jou Pannkôt la. Manifèstasyon don langaj yo to mete mesaj la byen klè. Yon travay mèveye to realize jou sa a. Twa mil (3,000) nanm to konvèti a batize.
Kont la kontinye di nou yo "té pèsévéré nan anségnman apùt yo, épi nan konmunion ant frè; yo té kasé pin ansanm, yo té laprié ansanm" (Travay Apót 2:42). Sanble tout lót moun sa yo k'ap koute, yo p'at pale lót langaj. Li byen fasil pou wè yon bi ak efè pratik nan fason don langaj yo to relate nan moman inpátan sa a. Tout moun to kapab konprann mesaj ki to preche a.
Enpètans Pwofesi a (Espozisyon)
Apát Pól ekri sou tang yo nan 1 Korintyin 14. Pasaj ekriti sa kontinye pi lwen nan sijè chapit 13 la, gran chapit amou a. Chapit 14 la kómanse avèk yon egzótasyon pou chache gen amou. E li kontinye egzóte pou pale an pwofèt. Menm jan 1 Korintyin 12 la tèmine avèk egzótasyon pou nou dèyè don ki pi bon yo, se konsa 1 Korintyin 14 la kontinye sou menm sijè. Chapit sa a, an gwo, se ansèyman sou enpátans enstriksyon ki klè, ki edifye, a ki fasil pou konprann. Li peze espesyalman ke sa pi enpàtan pase pou pale langaj.
Lide sa, sou enpàtans pale an pwofèt, konn parèt plizyè fwa nan chapit la. Pól to ekri: "Se pou nou dèyè...sutou don pou palè an profèt" (vèse 1). "Okontrè, moun ki palè an profèt, palé avèk lèzóm, li instoui yo, li ékzdté yo, li konsolé yo" (Vèse 3). "Mouin to pi dézire pou nou palé an profèt" (vèse 5). "Sé konsa tou, nou-minm, si nan langaj la nou pa bay paról ki klè, ki jan moun va fè konnin sa n-ap di?" (vèse 9). "Konsa tou, puiské nou dèyè don éspirituèl yo, sé pou instoui légliz la ké nou doué chaché posédé don sa yo ann abondans" (vèse 12). "Min lè-m nan légliz, m-pito di sink paról avèk intélijans mouin, pou instoui lèz ót, pasé di-mil paról langaj" (vèse 19). "Paské gnoun apré lót nou tout kapab palé an profèt, pou tout moun résévoua instruksion, é pou tout moun résévoua ékzótasion" (vèse 31).
Tout vèse sa yo ase klè pou konprann. Pou yon mesaj pote yon rezilta, fók moun kapab konprann sa li vle di; menm jan Pól to di nan vèse 24-25: "Min si nou tout ap palé an profèt, é ké kèk moun ki pa nan la foua ou-byin moun gro pèp la rivé, nou tout nou konvink li, nou sondé li, sékrè ki nan kè li dévoualé, é sa fè li tonbè fas-a-tè; li va adoré Bon-Dieu, li va déklaré ké Bon-Dieu réèlman nan mitan nou."
Langaj Kóm Vrè Lang Moun Pale Yo
Mirak la, jan l' esplike nan Travay Apót 2, se klè. Se trè nesesè pou nou konprann don sa selon jan nou wè li detaye nan chapit la, ki vle di lang etranje yo ki to pale se to vrèman lang moun konprann.
Sanble to deja gen yon deviray nan bi aplikasyon don sa nan legliz Korint ki to pwovoke ansèyman sa yo nan 1 Korintyin chapit 12 a 14. Chapit sa yo jwenn tout bon sans yo nan manifèstasyon ki eksplike nan Travay Apót 2, ki vle di yon mirak ki to bay yon abilite pale langaj konpreyansib kwayan yo pat konnen avan sa.
Pale a Bondye
Gen yon lide Apàt la note nan 1 Korintyin 14 sou jan nou pale a Bondye. "Paské moun ki palé langaj pa palé avèk lèzóm, min avèk Bon-Dieu li palé, pèsonn pa konprann li, sé ann éspri li palé paról ki mistè" (vèse 2). "Moun ki palé langaj instoui tèt li sèlman" (vèse 4). Nou konnen nan tèt a nan kè, yon Kretyen gen tide a santiman yo ki difisil pou esplike oubyen pa menm gen ase vokabilè pou di yo. Apót Pdl di nan yon lót kote sou sijè lapriyè: "Sé konsa tou Léspri a édé nou nan féblès nou. Paské nou pa kon ki sa ki bon pou nou mandé nan la prié nou. Min Léspri a li-minm prézanté démann nan dé soupi paról pa kab palé. É sila ki sondé kè konnin ki lidé Léspri a, paské sé dapré Bon-Dieu ké li fè démann an-favè sin yo" (Romin 8:26,27). Espikasyon sa pa endike yon manifèstasyon pawól san sans.
Pwen Enpátan Yo
Nou kwè pale langaj se yon don Sentespri a bay (1 Korintyin 12:4,8-10,28-30).
Pandan don langaj nan epók Nouvo Testaman se to yon don Sentespri, li pa yon fwi Sentespri (Galat 5:22,23). Fwi Lespri a dwe parèt nan lavi tout kwayan yo. Kèk nan kwayan yo to resevwa don langaj la men pa yo tout. Don sa pa sèvi kóm yon prèv de sali, ni sa pa egzije kóm yon prèv presans Sentespri a nan yon kwayan.
Don langaj to bay nan nouvo legliz la pou kèk bezwen espesyal: (a) Yon èd pou gaye levanjil la pami moun plizyè nasyon jou Pannkót la (Travay Apót 2:1-11). (b) Yon sin a prèv ke moun làt nasyon gen plas nan plan sali a e yo to dwe aksepte nan legliz Bondye a (Travay Apót 10:44-47, 11:15-18). (c) Yon jan Sentespri a to bay direksyon nan kèk bezwen e pwoblèm premye legliz la to genyen, avan Nouvo Testaman to ekri a avan doktrin yo to vin byen etabli (1 Korintyin 14:26-28).
Pandan Legliz la tap grandi, bezwen yo ki to mande prèv sa diminye, a se konsa don langaj la parèt mwens.
Ekriti Apostolik yo pa ankouraji don langaj la kóm yon pati esansyèl nan lavi Kretyen. Kèk moun konsidere sa yon sin esansyèl kóm prèv presans Sentespri a nan yon kwayan. Yo bay sa anpil valè pandan y'ap neglije lót doktrin fondamantal nan Pawól Bondye. Anpil manifèstasyon langaj sa yo se yon pretans yo ye. Yo atire atansyon sou moon nan k'ap manifeste a konsa Bondye nan Syèl la pa glorifye. Sa pa ann akó avèk manifèstasyon jou Pannkót la.
Izaj Lang Nan
Lekriti a gen anpil pawól sou tang nan a plas li nan lavi. Anpil ansèyman sa yo gen rapo avèk jan nou pale chak jou a yo aplikab a tout moun. Lekriti a detaye ki kalite konvèsasyon yon pitit Bondye dwe genyen. Fók tang nan anba dominasyon Sentespri a.
Jezi di, "Mouin di nou: Jou jujman an, lèzóm va rann kont pou tout paról inutil yo té di. Paské paról ou va fè ou jouinn justis, é paról ou va kondané ou" (Matiè 12:36,37).
Jak, "sèvitè Bon-Dieu é sèvitè Ségnè Jézu-Kri" to ekri byen klè sou sijè sa. Li ekri konsa, "Si gnou moun kouè li sé moun la rélijion, san li pa bridé lang li, min I-ap tronpé tèt li, rélíjion moun sa a inutil" (Jak 1:26). Nou jwenn plis ansèyman toujou nan Jak 3:2-10.
Pawól Kretyen An Dirije Pa Sentespri A
Jezi to pale kónsenan sa yo ki t'a kwè nan li, "Yo va palé dé lang nouvo" (Mak 16:17). Maigre Jezi t'ap panse sou mèveye don yo ki t'a bay kwayan yo apre Pannkót, paw41 Li yo pote yon sans espirityèl ki fon. Yon pitit Bondye a ki ne de nouvo a ki dirije pa Sentespri a, vrèman gen pawdl diferan pase sa li to gen oparavan. Jan li pale a pa menm avèk lemonn ki antoure li. Annou gade kèk bagay Lekriti a anseye sou pawól nou:
Apát Pól to ekri, "n-ap préché sajès Bon-Dieu ki gnou mistè...É nou palé sa, sé pa avèk parol sajès lóm anségné min avèk paról Léspri anségné" (1 Korintyin 2:7-13). Gen anpil ansèyman Sentespri a bay nan Lekriti yo sou sijè a.
A moun Kolos Pól to ekri, "Ké parèl nou toujou sóti avèk la gras, ké propo nou asézonnin ak sèl" (Kolosyin 4:6). A Tit li rekómande "gnou parôl ki konfdm, san répróch" (Tit 2:8). A Filipyin yo li to ekri, "Sèlman kondui tèt nou gnou jan ki dign Lévanjil Kris" (Filipyin 1:27).
Apót Piè ekri, "sé pou ou sin tou nan tout konduit ou" (1 Piè 1:15), a "èské ou pa to doué sin nan konduit ou avèk dévosion é réspè pou Bon-Dieu" (2 Piè 3:11). Malgre vèse sa yo pale de "kondwit", ansèyman an byen aplike a konvesasyon oral tou.
Apát Piè anseye nou rechte "tout tripotay" (1 Piè 2:1), menm jan avèk Apdt Pól nan Efesyin 4:31.
Lang Nan Kdm Yon Enstriman Sentespri A
Apót Piè to ekri, "Si gnou moun palé, sé pou li palé kóm si li t-ap anonsé Parèl Bon-Dieu" (1 Piè 4:11). Chak Kretyen dwe gen yon dezi pou'I yon enstriman kominikasyon, pou-I yon pátvwa pou Bondye. Sentespri a dezire sevi avèk pitit Bondye yo pou fè sa. Jezi to di, "epi nou va sèvi-m témouin" (Travay Apàt 1:8).
Dezi yon Kretyen se pou kominikasyon ki sóti nan bouch li t'a "Kèk bon parol, k-a sèvi pou instoui é ki va bay moun yo ki tandé-I gnou gras" (Efezyin 4:29). Sa aplikab a tout Kretyen.
Benediksyon a lapriyè a Bondye se bon travay pou tang nan fè. Aksyon de gras dwe jwenn espresyon devan Bondye a devan lèzóm. A moun Efèz yo Pól to ekri, "Okontrè sé pou nou plin avèk Léspri; sé pou nou antrétni nou avèk sdm, chan, kantik éspirituèl, pou nou chanté épi bay lè Ségnè louanj ak tout kè nou; rann Bon-Dieu Papa a aksion-dé-gras tout tan pou tout bagay" (Éfésyin 5:18-20).
Gen de egzótasyon Apát Pàl bay nan 1 Korintyin 14 ki enpotan osi: "paské Bon-Dieu pa gnou Bon-Dieu dézód" (vèse 33), a "sé pou tout bagay fèt avèk la politès épi avèk lód" (vèse 40). Pawól a aksyon san kontwól a boulvèsan pa t'a koresponn a vèse sa yo. Kondwit pwóp e respektab destenge pèp Bondye a. Apát la ekri nan yon lót kote, "Sé pou tou lèzóm konnin jan nou konsilian" (Filipyin 4:5).
Pou Distribisyon Gratis Pa Pou Vann