Eske se legliz ki pi pre mwen pou’m antre? Eske se legliz ki genyen plis manm pou’m antre? Eske se legliz ki bay plis benefis ke mwen dwe swiv?
Pou nou kapab byen konnen nan ki legliz pou nou antre nou gen kèk bagay nou dwe regle avan. Jezi di nan Jan 3:5 “An verite, an verite, mwen di ou, si yon nonm pa ne gras a dio e gras a Lespri, li pa kapab antre nan wayom Bon Dye.” Se sèlman lè nou byen repanti lè nou ne de nouvo nou kapab kòmanse chache Legliz Bon Dye. Paske Pòl di nan 1 Korentyen 2:14 “Men lòm natirèl pa resevwa bagay Lespri Bon Dye; pou li yo se foli, e li pa kapab konnen yo, paske se dapre Lespri pou ekzamine yo”.
Selon La Bib, li bon pou kretyen reini ansanm. Li bon pou nou fòme yon legliz e pou antre ladann. Men se pou nou chache konnen legliz ki kenbe tout doktrin La Bib. Se yon bagay ki va tou natirèl pou vre kretyen yo demere ansanm.
Men nou wè ke genyen tout kalite legliz nan lemonn. Epi chak gen doktrin pa yo. Nou wè tout legliz yo pa menm jan. Alò se responsabilite nou pou nou chwazi pami tout legliz sa yo, nan ki legliz Bon Dye ta vle nou mache.
La Bib di nou ke genyen YON SEL VRE chemen. Efezyen 4:4-6. Vèse 4 di, “Gen yon sèl kò avèk yon sèl Espri, menm jan tou apèl la nou resevwa rele nou nan yon sèl esperans”. Se de nou-menm ki vreman kwè ke Apòt la ap pale nan Romen 12:5 lè li di, “Se konsa nou ki plizyè, nou se yon sèl kò nan Kris, e nou youn se nanm lòt”. Nou konnen ke vre Legliz Bon Dye egziste vizibman paske 1 Korentyen 12 eksplike nou ki jan kò sa genyen plizyè nanm avèk plizyè don e yo tout travay ANSANM.
Jodi-a nou wè genyen anpil legliz e chak legliz gen doktrin pa li e chemen pa li. Si chak legliz genyen doktrin pa li e kwayans pa li, se enposib pou yo tout mache nan vre chemen Bon Dye. Poutèt sa, gen kèk legliz ki pa nan vre chemen sa-a. Men Bon Dye genyen yon pèp, yon legliz k’ap mache nan vre doktrin yo. Yo ap mache menm kote avèk yon sèl espri e ak yon sèl kwayans yo kapab akòmpli TOUT kòmandman Bon Dye.
Kòman nou va konnen ki legliz se legliz k’ap mache nan bon doktrin nan? Se la Bib ankò ki va eksplike nou ki jan pou nou distenge legliz Bon Dye a. Si legliz la se Legliz Bon Dye, Le Sent Espri va demere avèk legliz sa-a. Galat 5:22-23 di nou, “Men fwi Lespri, se lamou, la jwa, lapè, la pasyans, la bonte, la jantiyès, la fidelite, la dousè, se yon moun mentni tèt li…” Nou va jwenn tout vèti sa yo nan Legliz Bon Dye. Se pa sèlman yon frè oubyen yon sè, oubyen pastè a ki gen lamou. Men, nou va wè pa mwayen jan manm yo aji ke legliz sa antyèman genyen lamou. Manm legliz sa va gen tout fwi Lespri ki ekri nan 1 Korentyen 13:4-7, “Lamou gen passyans, li plen avèk bonte; lamou pa anvye sò moun; lamou pa vante tèt li; li pa gonfle avèk ògèy; li pa fè anyen ki malonnèt; li pa dèyè pwòp avantaj pa li; li pa mete’l an kolè; li pa met lide li sou mal; li pa pran plezi nan enjistis, men li pran plezi nan la verite; li eskize tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li sipòte tout bagay. “Kretyen sa yo va mentni tèt yo pou yo pa fè sa ke yo wè ki va gen yon move efè sou lavi espirityèl yo. Ebre di nan chapit 2, vèse 11-12, “Donk, sila a ki sanktifye e sa yo ki resevwa sanktifikasyon, yo tout soti nan yon sèl, poutèt sa, li pa wont pou rele yo frè, lè li di: Mewn va ànonse non ou bay frè mwen yo, mwen va ba ou lwanj a gran bouch nan mitan asanble a”.
Kretyen sa yo ki nan legliz Bon Dye va gen kèk lòt mak ki va fè nou kapab rekonnèt yo. Yo va genyen inite. Sètadi yo va ini, yo p’ap gen divizyon. 1 Korentyen 1:10 di, “Mwen egzòte nou, frè, o-non Jezi Kri Segnè nou, pou nou kakò nan pale nou, e pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou ini tout jan tout mannyè, nan yon menm lespri e nan yon menm santiman”. Kretyen sa yo pa va genyen divizyon pami yo. Nou p’ap wè pastè ap preche yon doktrin e manm yo pa dakò avèk li. Nou p’ap wè ke si legliz Bon Dye genyen manm nan de lokalite ke yo gen de doktrin diferan. Se konsa tou nou p’ap wè ke si legliz sa genyen manm nan de peyi diferan ke yo gen de doktrin ki pa menm.
Eske ou-menm k’ap li sije sa kounye-a, jwenn vre doktrin Kris la? Eske ou gen lide pou antre nan yon legliz sèlman? Ki jan ou li Galat 5:22-23? Kris se lamou, Li pa divize; doktrin Li tou, pa divize. Jezi di nan Matye 15:9 “Yo adore’M, sa pa vo anyen…” Che zanmi, pou amou Kris mwen vle konseye ou, ede ou osi pou chache vre chemen Kris. Jezi di, “Moun ki chache va twouve”. Mwen swete ke lespri Bon Dye va gide ou nan tout laverite.
Ou-menm ki li sa nou va ankouraje ou pou chache vre legliz Kris. Jezi bay nou pwomès ke “Si nou va chache nou va twouve”. (Matye 7:7) Mwen swete ke lespri Bon Dye va gide ou nan tout laverite.