Jèzu di nou kè pòt sièl la va fèmin pou nou, si nou pa fèt gnoun dèzièm foua. Sè pou tèt sa nou ap mandè; Zanmi mouin, èskè ou fèt gnoun dèzièm foua dèja ; Manm lègliz, èskou fèt gnoun dèzièm foua ? Si ou di non, è biin ou pèdi. Paskè Jèzu di; “Si gnou nonm pa nè dè nouvo li pa kapab ouè rouayom Bon Dieu.” Jan 3:3. Asurèman, mouin konnin okinn moun pa ta vlè mouri è pèdu kòm gnoun pèchè. Sè pou tèt sa ou douè fèt gnoun dèzièm foua.
Min ou va mandè, ki-sa sa vlè di, fèt gnoun dèzièm foua ? Prèmièman nou va di sa li pa yè. Sè pa batèm, paskè gin anpil moun ki batizè, è yo pa fèt dèzièm foua. (Travay Apot 8:18-25). Sè pa pou dèvni gnou manm lègliz, paskè gin anpil moun ki manm lègliz, ki pa minm konnin pouki sa, ni pouki li alè nan lègliz. Galat 2:4). Sè pa manjè sou tab lè Sègnè paskè gin anpil moun ki pa konprann kè sè pa ninpòt ki jan yo douè prèzantè dèvan tab lè Sègnè. “Paskè moun ki manjè è ki bouè san rekonnèt sa kò lè Sègnè vlè di, moun sa a manjè è li bouè gnoun jujman kont tèt li.” I Korintyin 11:29. Pou fèt gnoun dèzièm foua, sè pa sèlman chachè viv gnou la vi moral… paskè mouin di nou li, anpil moun va chachè antrè è yo pap kapab. Luk 13:24. Ni sè pa priè, paskè Jèzu di; “Pèp sa a ban-m onnè ak bouch, min kè yo biin louin-m.” Matiè 15:8.
Nou ta kapab di; si mouin èsèyè fè tout sa mouin kapab, bay pòv, visitè moun ki malad, si-m vini pi bon kè mouin tè yè, pètèt mouin fèt dèzièm foua. Non, nou pa kapab dèvni sa nou pa yè, paskè chè nou ak pansè nou pa soumèt dèvan la loua Bon Dieu. (Romin 8:7). Sè vrè, nou pa kapab sa. Nou douè gin gnoun chanjman nan kè nou, paskè Bon Dieu tè palè pa profèt yo konsa; Mouin va bay ou gnoun lot kè nèf, è mouin va mètè nan ou gnou èspri nouvo. (Ezèchièl 36:26).
Alò nou mandè, ki sa sa vlè di; “Fèt dèzièm foua” ? Pouki sa nou rèlè sa konsa ? Kouman è ki lè nou rèsèvousa sa ? Jèzu di, “Sa ki nè dè la chè sè la chè…” Jan 3:6. Kon gnoun ti bèbè fèt sè gnoun lòt vi ki parèt, è ki pa tè janm la, sè gnoun lòt moun ki fèt nan chè a. Min kan nou fèt dèzièm foua, gnoun lòt vi nèf parèt nan Jèzu Kri. Vi sa ki pa tè janm la, li vini sanblè ak gnoun ti bèbè ki fèt nan chè sa, sè sa nou rèlè, fèt gnoun dèzièm foua. Vi sa vi-n parèt nan Jèsu Kri pou-l viv tout tan, paskè Jèzu di; “E tout moun ki vivan, è ki kouè nan mouin, p-ap janm mouri.” Jan 11:26. Eskè nou ap mandè avèk Nikodèm; “Ki jan bagay sa yo kapab fèt ?” Jan 3:9.
Nou douè konnin ki sa Bon Dieu ka fè; “Sa inposib pou lèz òm, min tout bagay posib pou Bon Dieu.” Matiè 19:26. Si ou vlè vi-n jouinn Bon Dieu è ou santi ou pèdu, ou chagrin, tout pa bon, ou kom gnoun pèchè, ou rinmin bagay plèzi chè yo, ou pa gin la pè Bon Dieu nan kè ou, è si ou vlè gin la pè è rèpo; Alò nan mizè sa ou kapab di tankou nonm sa ki tè gad nan prizon an tè di; “Ki sa pou-m fè pou-m ka sovè?” Alò Apòt Pòl tè di-l; “Kouè nan le Sègnè Jèzu è ou va sovè.” Travay Apot 16:30. Gadè nonm sa biin, li pat konnin dutou sa pou-l fè. Nou konnin lè gad prizon an tè mandè kèsion sa li tè biin dispozè pou-l fè ninpòt bagay pou-l kab sovè. Lè ou gin gnou kè biin dispozè tankou gad prizon an tè gin, ou fèt dèzièm foua.
Bon Dieu ki gadè nan kè ou, Li ouè kè ou pap di sèlman Sègnè, Sègnè, san ou pa fè sa li di, min kè ou vlè viv pou Li è obèi Li. Konsa lè Sègnè vini jouinn ou avèk tout puisans Li, è lèspri sin. Li va bay ou gnou lòt lèspri pou dirijè ou. (Sòm 51:12). Konsa ou fèt dèzièm foua. Ou ap vi-n gnou lòt moun nan Jèzu Kri è ou ap kouè nan Li. (2 Korintyin 5:17).
Min ki lè pou-m atann nèsans sa-a ? Bon Dieu di pa Sint Espri, jodi a minm, si ou tandè voua mouin pa fè kè ou du. (Ebrè 3:7-8). Sa vlè di ninpòt laj ou gingnin, ninpòt lè, ninpòt kotè ou yè, si ou konnin ou pèdu ou douè vi-n jouinn Li. Sè lè sa kè nou vini pitit Bon Dieu, nou fè pati Li, è nou va machè avèk Kris. (Romin 8:14-17).
Min konbiin tan sa va pran ? Eskè mouin pa douè grandi nan bon zèv, èksètèra, jus lè-m bon nèt, è nan fason sa mouin va fèt gnoun dèzièm foua ? Non, Non, Zanmi, nou va fèt nan rouayom Bon Dieu, è sa va fè nou pitit Li è èritiè ansanm avèk Kris. Minm lè a kè nou gin gnou kè biin dispozè è nap mandè mizèrikòd è padon nou fèt dèzièm foua.
Finalman, kouman mouin kapab konnin mouin fèt dèzièm foua nan Kris ? Pòl di nan 2 Korintyin 13:5, “Ekzaminè tèt nou-minm, pou konnin si nou nan la foua; sondè tèt nou-minm. Eskè nou pa rèkonnèt kè Jèzu Kri nan nou ? A-mouins pètèt kè èkzamin an pa virè kont nou.” Donk, lè nou prouvè moun ki pa kò fèt dèzièm foua daprè ansègnman la Bib moun sa yo mouri ou biin pèdu nan pèchè, yo kondanè, san èspoua, yo gin lidè mèchan, yo pa obèi, yo rinmin plèzi la chè, yo viv san Bon Dieu sou tè a, yo sè pitit diab. Sè pa minm bagay dutou ak gnoun krètiin ki dèja fèt gnoun dèzièm foua nan Kris, yo sovè, yo pa gin okinn kondanasion, yo gin gnoun bon konsIan s, yo plin ak Sint Espri ki ap gidè yo nan la foua, avèk èspoua yo pral viv ètènèlman paskè yo konnin pèchè yo èfasè è lavè nan san Jèzu Kri. Sa ki va parèt nan la vi moun sa yo ki fèt dèzièm foua sè lamou, la joua, la pè, la pasians, la bontè, la jantiyès, la fidèlitè, la dousè, sè gnou moun mintni tèt li. (Galat 5: 22-23). Gnoun moun ki fèt gnoun dèzièm foua rinmin, è gin dèzi, è gin puisans pou fè volontè lè Sègnè. Yo gin gnou èspoua aprè la mò è Jèzu promèt yo; Mouin va tounin, è mouin va pran yo avèk mouin, pou kotè mouin yè, yo kapab la tou. (Jan 14: 3). Nap mandè, èskè gnou moun kab fè gnou chanjman konsa è pa minm konnin-l ? Non, pa fasil, “Lèspri a minm bay lèspri nou tèmouagnaj kè nou sè pitit Bon Dieu.” Romin 8: 16.
Chè zanmi-m si ou pa gin èspèrians sa, (Espèrians nè dè nouvo), è si ou pa gin la vi èspi-rituèl nan nanm ou, pa kontàntè tèt ou, paskè ou ap jouè ak Bon Dieu è prop nanm ou. Ou douè fèt gnou dèzièm foua!