Bwochi

Nou kwè a nou anseye ke: 1. Bib la Bib la se pawál Bondye a se sèi gid asire pou làm, se Bondye ki enspire l’, fi vre a fi pa kapab chanje. Li se yon revelasyon Bondye. San revelasyon sa a ki sdt dirèk nan Bondye, nou t’a nan iyorans o sijè de kreasyon an e kómansman iinivè a epi orijin ak destinasyon etènèl de ldm. 2 Timote 3:16; Ebre 4:12; Mate 5:17;24:35; Jan 12:48; Sóm 119:105;130:2; 2 Piè 1:21. 2. Bondye (La Trinite Divin)

Doktrin 12 minutes

Labib ban nou yon plan pou nou genyen yon fwaye ki bèl, ki byen solid, e ki kontan. Fwaye a kapab genyen lapè e kontantman, oubyen li kapab genyen tansyon ak konfli. Èske fwaye ou kontan, solid, e gen ase fòs pou li pa tonbe nan tanpèt lavi yo? Fwaye a se yon pati nan sosyete ki enpòtan. Bondye te fè plan sa pou devlopman espirityèl nou, kontantman emosyonèl nou, epi satisfaksyon fizik nou. Bondye te toujou gen plan sa pou manm fwaye yo ede youn ak lòt jwenn kontantman e pou fanmi yo viv nan lapè.

Fanmi 7 minutes
Avni, Levanjil, Syèl La, Color 3 minutes

Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò.

Lavi Kretyen, Levanjil, Color 4 minutes